Lopital Sen Michèl ap make pa an plas
Email l'article
kèk jou apre demisyon direktè medikal la, doktè Gerard Elie, nan komansman mwa fevrie a, yon delegasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ki gen alatèt li Minis sante a, doktè Robert Auguste, chèf kabinè li a, Gadner Michaud ak direktè Jeneral sante a, Colin Timothe, chita pale samdi 16 fevrie 2008 la nan sal konferans lopital Sen Michèl la avèk manm konsèy administrasyon an.
Rankont sa a ki te òganize sou inisyativ konsèy administrasyon lopital la te gen pou objektif prezante yon bilan ak pèspektiv yo genyen pou ane 2008 la.
Apre rankont lan, Minis sante a, dokte Robert Auguste, ki ta eskive prèske tout kesyon jounalis tap poze l, fè konnen pa twò lontan popilasyon jakmelyèn nan pral kòmanse wè diferans lan puiske aktyèlman gen yon komisyon 3 manm, mete ak konsey direksyon an, kap dirije lopital la.
Pandan tan sa a, konsèy adminitrasyon minis sante a te plase nan lopital la, sa pral gen yon lane, pat montre prezans yo, kote genyen anviwon 5 moun ki pèdi lavi yo mal nan lopital Sen Michèl pa fot neglijans doktè ak medikaman entèdi SAT. Poutèt tout bagay sa yo, popilasyon an te leve vwa li pou mande otorite konsène yo di yon mo. Premye sitwayen vil la, majistra Edo Zenny te mande Gerard Eli poul demisyone, sa ki te rive fèt rapid.
Pou kounye a, se avèk anpil kè kase popilasyon an pran wout lopital Sen Michèl ki malad nan tout kò l.
Source:
Tags:Lopital-Sen-Michèl-ap-make-pa-an-plas
Nombre de commentaire (0)
Connectez-vous pour commenter cette news! ou Inscrivez-vous!
Twitter
Facebook