Il y a actuellement 954 connecté
Couleurs du site: bonzouti.com en couleur bleu bonzouti.com en couleur rouge bonzouti.com en couleur vert bonzouti.com en couleur jaune bonzouti.com en couleur violet

Bienvenue Invité Connexion | Inscription

Actualité

Manifestasyon kont nominasyon yon nouvo direkté nan lekòl nasyonal Savann Dibwa

Par DESRIVAL CLAUDY
Publié le Vendredi 14 Mars 2008 à 17h00

  • Email l'article
  • Comments (0)

Sa fè anviwon 8 jou depi pòt lekòl nasyonal Savann Dibwa ki nan komin Marigo a fèmen akoz elèv ak paran kap pwoteste kont nominasyon yon nouvo direktè nan tèt lekòl primè sa a. Nou vle pale de Amos Petion, yon ansyen pwofesè

elèv yo repwoche kòm moun ki pa t suiv disiplin lekòl la e ki konn vyole dwa timoun yo, pandan elèv yo montre yo toujou vle ansyen direktè a, Harry. Paran elèv yo fè konnen yo santi gen gwo men politik kap jwe nan dosye sa a. Yo mande pou direktè depatmantal edikasyon sidès la, Jak Derival, di mo pa l, sinon pòt lekòl sa a riske rete fèmen pou tout rès ane a.

Tansyon an toujou rete byen wo aprè 2 jou manifestasyon vyolan kote wòch ak boutèy t ap voye tribò babò. N ap fè konnen lekol Savann Dibwa te deja gen anviwon 12 mwa san dirèktè alatèt li.

Source:

Tag:Jacmel, Marigot, Education, Ecole nationale


Nombre de commantaires (0)

Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?