Il y a actuellement 3207 connecté
Couleurs du site: bonzouti.com en couleur bleu bonzouti.com en couleur rouge bonzouti.com en couleur vert bonzouti.com en couleur jaune bonzouti.com en couleur violet

Bienvenue Invité Connexion | Inscription

Actualité

Epidemi dyare nan prizon jakmèl la

Par Claudy DESRIVAL
Publié le Vendredi 14 Mars 2008 à 17h00

  • Email l'article
  • Comments (0)

Yon epidemi maladi dyare ki tonbe sou prizonye ki fèmen nan APENA jakmèl la deja lakoz 2 prizonye pèdi lavi yo pandan semèn nan, pami yo pierre benoit 50 lane ak Chapentier Marcus. Otorite lasante yo nan vil jakmèl deja resanse pwovizwaman 37 ka prizonye ki enfekte ak maladi vant mennen sa a, daprè esplikasyon doktè Walace ki te nan tèt yon ekip medsen lopital sen michèl la te delege nan APENA jakmèl la. Sepandan medsen yo poko an mezi pou idantifye sa ki ta lakoz epidemi sa a, men yon sous pwoch APENA fè bonzouti konnen se move dlo ak kalite manje a ki lakoz.

Komisè gouvènman an rekonèt prizon jakmèl la nan yon eta malouk. mèt Ronald Jean fè konnen gen nan prizonye yo ki gen gal, mal tèt, dyare ak VIH/SIDA. Daprè enfomasyon bonzouti ka fè konfyans, prizon sivil jakmel la se dezyèm prizon nan peyi a ki gen plis moun ak yon efektif de 387 prizonye.

Fòk nou di se akoz pakèt prizonye ki soti nan penitansyone nasyonal potoprens ki koz prizon an plen an, pandan asosyasyon kap defann dwa moun yo mande responsab yo pou louvri je yo sou sitiasyon prizon jakmèl la.

Source:

Tag:prison, Jacmel, épidémie


Nombre de commantaires (0)

Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?