Il y a actuellement 371 connecté
Couleurs du site: bonzouti.com en couleur bleu bonzouti.com en couleur rouge bonzouti.com en couleur vert bonzouti.com en couleur jaune bonzouti.com en couleur violet

Bienvenue Invité Connexion | Inscription

Actualité

Distribisyon kit alimantè jou ki dimanch 26 Avril la nan konbit sidès

Par René Voltaire
Publié le Dimanche 27 Avril 2008 à 17h00

  • Email l'article
  • Comments (8)

Plizyè santèn moun te vinn devan konbit sidès la pou te vinn pran manje avek numero yo nan men yo jou ki te 26 Avril la en presans Senatè Sides la Joseph Lambert, ki se kòòdonatè, kombit sidès. Selon senatè a, distribisyon kit sa yo antre nan kad jefò kap fèt pou konbat grangou kloroks la kap ravaje peyi a. Initiativ sa jwenn apwi gouvènman demissionè a epi li makonnen ak kokenn chenn fèt patronal St Jacques et St Philippe ki pral vini la 1 mai.

Konbit Sidès se yon antite Platfòm LESPWA, Joseph Lambert, déklare yo tout nan konbit Sidès rete soude ak levanjil lespwa a, yo kwè nan kredo li an ; li kalifye de insiyifyan you moun ki ta divòse ak platfòm nan ki se yon la vi miyò, moyen pou konbat insekirite, grangou, la vichè ak lòt ankò e anplis lespwa se kreye kondition pou bay travay ak stabilite

Source:

Tag:


Nombre de commantaires (8)

myrtelle dit: 29/04/2008-11:41

bravo à Joseph Lambert pour son travail et son dévouement envers sa ville.Si,on pouvait demander à chaque citoyen qui construit une maison de planter au moins deux arbres fruitiers chez eux.parce que je vois que les habitants ne veulent plus faire des jardins. bonne fete à nos chers patrons St Jacques et St Philippe toumi

Fatdjol dit: 29/04/2008-18:37

Mwen salye tout moun.

Mwen pa vinn pou mwen kritike sa Senateur Joseph Lambert fè a non. Men mwen vinn pote ou ti pwen sou jan mwen panse. Senatè a vinn bay kelke santènn sak diri bay kraze grangou kloroks.

1- Kijan li chwazi moun yo?

Toujou gen erè sa ki toujou fèt, et moun ki vle fè demagogi toujou pran roulib sou sa. Moun ki bezwen manje, moun ki paka manje, se moun site Soley, moun gran ravin, moun anba lakobat, moun riSintann, e depi yap bay yon bagay se toujou menm tet moun yo. E sa yap bay la pa janm fè anyen pou yo vre. MEZANMI OUVRI ZYE NOU NON.

Oui men, ki moun ou vle senatè a tal chwazi, moun ki pap mache nan menm pati avel moun ki eklere, moun ki pa pral vote pou li?

Ah se vre!

Eh bien, bien ke senatè a konn sa se pa pou tet mwen map pale, gen moun bienke ou pa we li sal li te ka bezwen manje tou, menm si li pap vinn kanpe devan biro konbit Sides la pou yo inskri non li kom moun ki ap mache ak konbit la ki grangou tou. Donk mwen panse afe bay ti pakèt manje a pa retire anyen sou kloroks la nan Jacmel janl ta dwe fel konprann lan paske se toujou se pi aslè yo ki jwenn et apa 1/10000 moun touche. Et Dayè ak ki kob senatè a fè sa ak kob pal, ou bien kob gouvènman mete pou fè sa. E si se ta kob gouvènman mwen ta trouvel trè mal pou se senatè a kap fe sa nan birol la. Gen lot antite ki te ka fe sa pi bien.

Bon Sow vle fè!? Nap bwel! Kisa? ........

PS. Map raple mwen pap travay nan bonzouti. Mwen se ou jakmelyen kap viv nan vil la e ki konn pati al gad koman bagay yo fèt deyè a tou poum pote mo pam. Se pou moun kap di se Ancion mwen ye a. Quelle stupidité!

Abigaela dit: 30/04/2008-03:17

pa fè sa Fatdjol, janw rele a , se avèm wap pale la? ou wèm te ban nou vag paskem wè se yon ti ekip "entelektyèl" o pli wo degre kap enpoze medyokrite yo. al gade repons ou te bay la sou sam te di a , ou te pèsonalize tt repons yo pa "mwen" alos ke m tap pale de "atik" Ancion an. al gade anko byennantandi siw ka konprann .pa ranse ak moun tande, se joure sèlman nou pwop. an plis ou genlè pa li oubyen pa konprann janm te komanse a. si sa rive se pa fot ou.

Abigaela dit: 30/04/2008-04:03

Myrtelle, je sais pas comment vous appreciez dans votre vie? mais il me semble que vous compreniez pas ce que vous avez ecrit parce que je vois pas ou est le rapport? prquoi vs applaudissez le senateur des deux mains comme ça? pr quel motif? vous savez son role comme Sénateur ? Vous vous rendez compte du recul qu'on est entrain de faire là avec ce geste? Lui, il sait qu'il n'est pas à sa place. Il sait que ça c'est de la pure propagande politicienne. j'ai bcp de respect pr lui. encore ce matin j'ai ete au boulot , j'ai meme pas encore lu cet "article" j'ai pensé à lui. je sais qu'il est un leader pr qui on peut avoir bcp d'appreciation meme mais pas pr ce geste. pr ceux qui le savent pas on peut meme dire que je suis entrain de lui envoyer des fleurs mais c'est pas le cas. J'ai eu la chance de le cotoyer pdt que j'ai ete en Haiti et en exercant comme journaliste aussi à PAP pdt qu'il etait president de l'Assemblee Nationale. j'ai vu qu'il ne se dissociait pas de ses racines politiques ou je dirais sa base politique qui est le milieu paysan du sud'est. Souvent des gens à costume souffraient pr le voir et lui il s'entretient avec des paysans dans son bureau tranquillement qui viennent de partout. Bref, pr vous dire que j'ai rien contre lui perso mais ce geste est honteux. il pourrait faire mieux en passant par les autorités vraiment responsables de cet acte de distribution. en plus au moment ou l'on parle il reste rien a manger ds les familles qui en benificiaent, je crois pas ds cette vilaine formule politique, moi. Il est en train de faire de la demagogie là Myrtelle, si vous lui etes un proche dites lui d'arreter cette facon de faire. il est en train de jouer avec la misere du peuple.

Fatdjol dit: 30/04/2008-16:37

Ah!

Au moins pour une fois vous etes d'accord avec moi sur mes reflexions dans la demagogie de l'action du Senateur Joseph Lambert. Vous savez si le senateur sait qu'on peut le critiquer pour ses actions, je pense qu'il reflechira au moins 2 fois avant de les poser.

Abigaela dit: 01/05/2008-01:03

Pourtant je vous ai meme pas mentionné dans mes remarques. je veux plutot ignorer votre idiotie dans ttes mes interventions a venir sur ce site. ou joure twop sou sit la. peut etre vous savez pas ce que c'est critiquer et réplique. SVP je prefere ne pas recevoir de reponse de vous, ignorez moi aussi je vs en prie. ca c'est la derniere entre vous et moi.

robeschimlonnee dit: 12/05/2008-06:39

mezanmi ka peyi a grav,pi grav pase aksan grav.fok nou gen konsyan de povreté nou,konn valè nou sou planèt tè a antan ke 1er pèp nwa endepandan.peyi a mal se separe de pot diri bay zanmitay ou byen senpatizan kap fè nou fè yon pa an navan.pou ki sa nou paka ini nou pou n travay pou enterè pèp la?poukisa nou paka siprime loi tout koukouy klere pou je l nan relasyon nou?li lè pou nou viv nan unyon ,pou opozisyon an lonje lamen bay gouvènman an pou retire peyia nan mizè li ye a .nou menm frè ayisyen m yo ann wè si na chanje mantalite ,nou pa dwe konplekse ak tèt nou.ann konsome pwodui lokal yo :mayi pitimi lam veritab bannann ,se sa ki pou nou nou dwe fyè poun plante yo manje avèk gran apeti.se vre ke nou fyè de tèt nou men fyète sa a nou montre l tou nan valorizasyon tout sa nou posede.

Abigaela dit: 15/05/2008-11:37

robeschimlonnee mdako avèw wi men ou menm an tan ke sitwayen kisaw antreprann, kisaw fè pou zon bo lakay ou ? se vre tt lide sa yo, tt pawol sa yo pa gen yon aysyen ki pa tande yo e pa gen younn non plis ki pa ta renmen wè yo mete yo an aplikasyon san yo pa konnen ke se yo ki pou komanse konsa nap wè se pa di nap di yo anko men nap viv yo pito. M'ankourajew zanmim eseye pi pitiw kapab ede yon moun ki sou kotew wap wè konbyen pa nap fè an avan. ann sispann preche ann aji e nou kapab depin vle.

Top
Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?