Bienvenue Invité Connexion | Inscription
Actualité
Delege Sidès la te rankontre Laprès ak Lapolis nan yon chita pale jounen madi 29 Avril nan lokal sant miltimedia MINUSTAH.
Publié le Samedi 03 Mai 2008 à 17h00
Sou inisyativ Delege sidès la, laprès ak lapolis e divès lòt moun nan sosyete sivil la, chita pale jounen madi 29 avril nan sant miltimedia Minustah sou sa ki te pase nan manisfestasyon ki te oganize nan vil jakmel jounen 10 avril ki pase a.
Chita pale sila a se pou te rive jwenn yon antant sou divizyon ki kreye ant laprès e lapolis nan vil la aprè gran manisfestasyon ki te òganize jounen 10 avril pase kote manifestan yo te chanje pakou a e yo te nan yon fasafas ak lapolis le sa a te gen anpil dezòd ant lapolis e manifestan kote youn tap voye wòch sou lòt. E lapolis te rive fè anpil arestasyon.
Nan moman chita pale a, responsab laprès yo te rive pase video yon fason pou te montre a klè ke se pa laprès ki tap bay move nouvèl. Tou swit aprè tout moun ki te konsène yo, pran laparòl nan yon fason pou chak moun te rive esplike sa ki te pase a. Nap rapele’n ke laprès te pran desizyon pou yo pa kouvri okenn aktivite jiska nouvèl òd.
Bò kote pal, responsab lapolis la nan Jakmèl, M. Sony Noelsaint montre li pa gen pwoblèm ak laprès okontrè se ak laprès pou li rive fè travay li. Toujou selon M. Luckenson Jean ki te pale nan non laprès, li te anonse fòk yo chita ansanm ak tout moun ki fe pati asosyasyon jounalis anvan pou bay desizyon final, jiske la tout moun nap tann kisa kap soti
Source:
Tag:
Nombre de commantaires (2)
| Fatdjol dit: | 04/05/2008-22:09 |
Bonsoir à tous, | |
| erndelma1 dit: | 07/05/2008-10:51 |
Mwen ti jan dakô avèk Fatdjol. Mwen kwè Delege sidès la fè youn sypèb premye pa le fèt ke li ankouraje e favoryze rankont sila-a. Mesye la près yo, gwo kout chapo pou gwo travay nap fè nan vyl la. Pa gen pouvwa san lenfomasyon, pa gen la pè ak sekyryte san lapolys. Youn jounalys ak youn polysye se de gwo travayè sosyal. La près ak la polys fèt pou travay men nan la men poufè you sosyete avanse, pou ran yo kont ke abytan youn vyl ap vyv nan la pè san pèrèz. Se de gwo manman antyte nan youn sosyete. Si youn lage lôt, en ben gwo poblwèm sera met pye. Mwen ta swete nenpôt kisa ki ta kreye manman zyzany sila-a, gwo chyrepyt mal eleve sila-a an’t la polys ak laprès ta jwen youn lantant favorab tout swyt. San sa zytyrasyon an ka pi deteryore. Ou kon’n tande travay men nan men ant la polys e laprès, se pa youn souwè se youn nesesyte. Jakmel gen twôp pwoblèm jounen jody-a. Nou pa ka pran chans lymen ti dyfe boule ant laprès ak la polys. O kontrè, mare lonbryk yo ansan’m la py bon pou ty vyl nou an. Nou paka pran plys chans avèk sekyryte vyl Jakmèl. Fèsa mezanmy, met la pè pou sove Kontra Sosyal Jakmelyen an, bondye va kontan, pytyt nou a vyv nan la pè pou yal lekôl ranmase pen lenstryksyon. Pa blye vyolans ak gwo kolèt, sa se pou moun ki pa gen anyen pou yo pèdy. | |
Connectez-vous pour commenter cette news!







