Vizit prezidan federasyon nasyonal karate a jan Jakmèl
Email l'article
Jounen dimanch 4 avil pase a, vil jakmel te resevwa visit prezidan federasyon nasyonal karate Ayiti a, kyoshi sensei shotokan nan Henri Robert Abellard, ansanm ak konseye prezidan ak komisyon teknik nasyonal la, shihan Lionel R. Abellard, sou envitasyon seisei mentor kap dirije lekòl Sarafina Karate, kap fòme nan disiplin sa a jèn Jakmèl depi 5 lane.
Pandan visit la, Henri Roberd Abellasr te fè istorik karate a devan de dizèn jèn karateka . e tou profite fe promès nan kesyon èd ak strikti ki pral genyen pou pèmèt lekòl la kontinye feraye. Depi 2003 gen ou tòchon kap boule nan mitan fanmi karate a, sa ki fè jounen jodi a karate a divize an 2 2 kan, kan sensei Nader ak kan sensei Abellard.
Prezidan sensei Henri Robert Abellard te profite deklare, kan Abellard fè anpil manèv pou kouri dèyè van divizyon sa-a kap soufle, ravaje fanmi an, pami youn nan sa yo te fè yo te koupe 2 zan nan manda yo an 2003, paske yo gen yon vizyon pozitif pou karate a. Manda komite ki nan tèt federasyon nasyonal karate a ap bout an oktob 2009.
monsieursport@hotmail.com
Source:
Tags:Henry Robert Abellard jacmel karate sarafina
Nombre de commantaires (1)
| Sujet:Vizit prezidan federasyon nasyonal karate a jan Jakmèl | |
| loukensou@hotmail.com dit: | 09/04/2009-08:33 |
| |
Connectez-vous pour commenter cette news!
