Lanmou
Email l'article
Lanmou, pa anyen, men imedyatman kew' santil, li vin yon byen enpòtan.
Lèw' renmen yon patnèw', ou vin yon frèl', yon sèl, men renmen yon fanm kreyòl,
se aksepte tounen yon anj gadyen san parèy.
Kraze, brize tout sa ki genyen, rache, koupe saw' vle, men tipap ou pap ka kraze lanmou, ou pap ka vire bay lavi do.
Lanmou kouwè yon grenn dyaman, ki nan yon twou montay, wap depechew' pou kouri al chèchel'; pafwa lèw' renmen ou panse ou diferan, epoutan!
Lanmou se yon sous dlo ki pete kap jayi nan kènn, lè nou reenmen nou santi nou imen nou gen fòs e nou pa pè.
Ak lanmou nou ka monte tout eprèv nan lavi.
Source:http://www.bonzouti.com
Tags:Louis Albert Moïse
Nombre de commantaires (0)
Connectez-vous pour commenter cette news!
