Accueil -> Littéraire ->Poésie

Degrigole

Dimanche 07 Novembre 2010 | Jean Edouard

Sik la fèt ak kann epi li sale
Limyè mete fènwè kay madan gwodoum
Solèy seche lapli nan je moun nan rakèt
Chalè fè tout moun frèt
Fanm nan ale nèt li pa tounen
Epi se mademwazèl

Ki lage bokit dlo a atè

Yon akasan ak dlo
Fomi konble-l pa gen siwo
Wa se bòpè, prezidan se tonton
Tout kolonn fè vwèl pou estati la libète
Si-m te ka m’ t’ap pete je koulè
M’ t’ap fè manman-m avan li fè-m
Nan ri sizàn louvèti lawomann t’ap mouri
Se plis detay kap manje pay nat
Fanm pa fèt vyèj ankò
Vouzan pou solèy, map marye ak lalin
Yo mèt sèvi-m dlo ak tochon sal
Banm manje atè tankou chen
Fè referans ak mizè pou demen
Epi m sote randevou a
Map pran lokolèt
Sot ki bay enbesil ki pa pran

Reyalite a se souvan sa m panse
Men pa sa map viv

An verite m’ mèt mouri
Men lamò bondye m’ pral 2 pye devan
Lamò lèzòm ma va ale kanpe
Drèt kou pikèt kap dige bouda bondye

Source:bonzouti.com

Tags:sik la fet ak kann

Top