an verite!
Email l'article
toutouni 2 men nan pòch
m’ap veye lalin ak solèy k’ap fè lanmou
sou laplas piblik nan batwèl figi laverite
se fout bon pou tout moun
se pou loray la te pase sou zantray yo
paske lapli ap tonbe y’ap sèmante
di gwo bout tonnèboule nan figi timoun
ti demwazèl la li menm voltije
l’al pase ak 2 ti pwent tete-l tou doubout
devan jenn-gason yo rele satan
jenn-gason ki se do kiyè fè bò lakay la
k’ap monte manman ak pitit fi
men ki pa bay mezon, ki pa bay mèb
ki pa menm konn ofri maryaj bleng bleng
remèsiman chen se bèl kout baton
ou pa bezwen di-m anyen jenn-bway
m konnen, m konnen sa w’ap andire
paske-m te pran prizon gratis ti cheri sa tou
arete-m fout yon vès sal sou mwen
minote-m ak yon vye lanmou rabi
mete-m dèyè bawo repwòch sal kou peny tidan
ou pa bezwen di-m anyen jenn-bway
se konsa, se konsa, yo te pale-w
granmè-m ak yon bwa pip santi tabak
nan dyòl li te toujou di-m : -ret trankil se remèd kò
depi-w wè ti poul chofe se malfini ki nan dèyè-l
se fout bon pou tout moun
se bon pou yo, se bon pou yo, se bon
toutouni 2 men nan pòch mwen
m’ap veye lajounen sou vant lannwit
delegasyon-di-sidès al pran lannwit anba loujounen
anba bò bodmè a vè 7è diswa nan figi tout moun
fredi nan nouyòk poze lapat sou mwen
2 fèy zòrèy mwen ap sonnen kleng kleng
prèt pou yo kouri pase anba pye-m
y’ap konte-m sa jenn-bway ap pase
anba jenn-tifanm ki gen tete doubout nan peyi-m
se atò, otan pou jenn-bway lakay, otan.
Source:
Tags:Jean Edouard Poezi kreyol poesie en créole poete jacmelien
Nombre de commantaires (0)
Connectez-vous pour commenter cette news!