Email
Mot de passe
Inscription | Mot de passe oublié?

Les textes et poésies dans cette même catégorie

Accueil -> Littéraire ->Poésie

sa l' montre-m

Mardi 18 Septembre 2007 à 17h00 | AKARA Henry

Ayiti montre-m sere dan-m lè-m� pran kou
Li montre-m pare kou epi remèt kou
Montre-m lite pou-m gen dwa pou-m egziste
Montre-m pa bese bra kan lennmi anvironnen-m

Li montre-m ke mwen nwa pou yon destine
Montre-m respè zansèt mwen yo ak san pare yo

Montre-m respè pou fanm vanyan
Montre-m pa bliye kote-m soti kote-m prale

Se sak fè-m konnen mwen pap fè yo wont
Mwen pa ka bliye kote linyon mwen te komanse
Anchennman ansanm nan bwa leben
Ap bat move tanpèt sou tèt tout latlantik

Ka gen move loray trayizon ki simen
Men youn soutni lòt m’ap faya faya
Fè tèt nou kanpe piwo vag trayizon
Pase depi nou pa fè fon ka gen linyon

Source:

Tags:


Nombre de commantaires (0)

Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?