Email
Mot de passe
Inscription | Mot de passe oublié?

Les textes et poésies dans cette même catégorie

Accueil -> Littéraire ->Jean Edouard

li te ka

Mercredi 28 Novembre 2007 à 17h00 | jean.edouard

jou fèy la tonbe nan dlo a
se pa jou a li koule
ala de koze papa
pasan mwen nan lakou chada
gwo estati manke tonbe sou mwen
sant manje mwen pa konnen ap souflete mwen
gagannen mwen, lage-m atè 2 pat
dèyè vitrin
wi se dèyè vitrin mwen te konn wè yo
se konsa yo te konn wè-m tou
jounen sila a n’ap manje sou menm tab
sa fè-m sonje si lawomann ak madan gwodoum pat mouri
yo t’ap la tou
sou gwo tab ki fèt ak lajan ak lò a
sèl bagay pou nou ta mande nou pa janm mande
se kilès ki te touye lawomann ak madan gwodoum?

sinon
m’ap fann latè an 2
m’ap voye tanpèt sou moun nan rakèt
m’ap leve gòdonn nan sèkèy li
pou mwen ka konnen, pou-m konnen
poukisa nou pa janm chache kilès ki kriminèl
oubyen se reve m’ap reve
oubyen se foli jistis mwen genyen
oubyen 2 pye-m pèdi tè sou tèt estati la libète

owi! sou tèt estati lalibète
mwen fè vizyon estati tousen louvèti
sou plas pilat
mwen sonje plas jakmèl la mechan yo souse a
sinon
m’ap voye tout moun ki pa vle jistis yo ale bwa chat…
o non de nèg ki nan syèl la
amen
menmsi se pat yon priyè…

Source:

Tags:


Nombre de commantaires (0)

Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?