Email
Mot de passe
Inscription | Mot de passe oublié?

Les textes et poésies dans cette même catégorie

Accueil -> Littéraire ->Poésie

ROZABĒL

Samedi 31 Janvier 2009 à 17h00 | Jean Luxamar Modéus

Se yon ti fanm bò lakay la

Li gen yon bote natirèl:

2 je nan tèt li ak sousi li

Se tankou lalinn nan ki kouwone ak zetwal,

lè li souri dan nan bouch li bay reyon flaw-flaw,

tankou reyon solèy la,

Li gen yon ti nen kout pwenti.

Rozabèl ak lakansyèl gen yon sèl diferans:

se plizyè koulè lakansyèl ki fè’l bèl,

men ti fanm sa a ak yon sèl koulè

ki tankou kafe ak lèt,

lè’l pase devan’w ou wè reflè

plizyè lòt koulè bagay dous:

koulè dous makòs,koulè caramèl,

koulè chokola, koulè gatomyèl

Se pou yon si bèl koulè

Yo ba’l ti non Bèbèl

Ti fanm sa gen zèpòl kare

Ak yon cheve nwa san pèmanant ki chita sou li

Tete’l yo won ou ta di mandarin,

vant plat, bèl wotè anfòm kon bas.

Lè’l pase devan’m sant li antre nan nen’m

tankou lè akasan ak siwo ap desann nan gagan mwen,

lè’l finn pase je’m fikse dèyè’l fè larivyè koule nan bouch mwen,

mwen ta manje’l tankou krab nan berejèn.

Rozabèl pap viv sou tè, li pa soti nan syèl,

men se nan rèv mwen toujou wè li ap pase.

Source:

Tags:Jean Luxamar Modéus, Rozabèl, poésie,littérature


Nombre de commantaires (0)

Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?