Ti nègès sila a
Email l'article
mwen renmen yon bèl nègès
malgre mwen mache ès-ès
m’ pa twouve lanmou sou pyès
mwen vole nan sid poze nan nò
mwen kouri,tonbe tribò-babò
m’ap bouske dyaman ak lò
maten,midi,swa m’ap priye san sès
mwen vole soti nan lès
pou m’ale bouske’l nan lwès
nègès la pran lanmou,li fè-m filalang
lip ran bote’l li fè-m lasisinn
poutèt anpil yo di ak kout lang
li pa menm vle fè-m yon ti sinn
li di li pa pran-m pa poutèt richès
mwen pa rive pa poutèt vitès
ak yon ti moso pasyans
mwen ka gen yon chans
Source:
Tags:TI NĒGĒS SILA a, Poésie, Jean Luxamar Modeus
Nombre de commantaires (0)
Connectez-vous pour commenter cette news!