Email
Mot de passe
Inscription | Mot de passe oublié?

Les textes et poésies dans cette même catégorie

Accueil -> Littéraire ->Poésie

Pou ou

Samedi 31 Janvier 2009 à 17h00 | Jean Luxamar Modéus

Pou ou si m’ te yon ti zwazo

Mwen t’ap vole al keyi zetwal

Pote’w sou do’m pou’w al vizite Jewova

Sou pye bwa ki pi wo

M’ t’ap bati yon ti nich an pay

Pou ou si m’ te yon zarenyen

Mwen t’ap trese pi bèl twal

Pou ou si m’ te Bondye

Mwen t’ap fè yon paradi espesyal

Pou ou si m’ te yon rosiyòl

Mwen t’ap chante tout ti chanson

Pou ou si m’ te konn peche

Mwen t’ap kenbe pi gwo pwason

Pou ou si m’ te yon enjenyè

Mwen t’ap trase yon bèl kay

Pou ou m’ ka fè lapli tonbe,

Loray gronde, late tranble,

Lanmè woule pandan solèy ap leve

Pou ou si m’ te gen pouvwa

Mwen t’ap monte nan syèl la

Pou m’ ka ekri mwen renmen’w

Sou mi syèl la

Pou ou… pou ou.

Source:

Tags:Jean Luxamar Modéus, Pou ou, poésie,littérature


Nombre de commantaires (1)

Sujet:Pou ou
israel.jeune@gmail.com dit: 19/08/2009-12:12

je me demande,est-ce que cette poete possede un stylo d'or?

Top
Connectez-vous pour commenter cette news!
Email
Mot de passe
Inscription!Mot de passe oublié?