Ti fi sila a
Email l'article
Ti-fi sila a se pa manti mwen pa
konn kote’l soti men anba tiyo sa a
se la li toujou vin bouske dlo.
Sanble se la tou li dòmi paske li
toujou la anvan kòk chante li
toujou la apre poul monte bwa.
Cheve nan tèt li se nich poul.
Mwen pa konn ki kalite solda li ye
men li toujou ame ak yon bokit sou tèt li
ak 2 galon nan men’l.
Jouda di si li pa rive anba tiyo sa a anvan
pou li plen anvan dlo nan je’l ka plen yon kanari
paske lè li rive kay matant se kout pantouf
ki pral savonnen’l epi jouman pral rense’l.
Li gen yon pantouf ki nan pye’l depi pap te anfannkè.
Li toujou gen yon ti ròb fatige sou li.
Si ou ta fè yon ti gade ti-fi nan figi’l;
ou ta di se li ki grann Tant-yaya
tèlman lamizè ak imilyasyon bat li.
Li toujou di mèsi pou anyen yo ba li.
Li mande padon menm si yo pile’l.
Jenn bway nan zòn nan toujou ap pase’l nan rizib
men li toujou ap di yo yon sèl bagay
si move van lavi a pat soufle pousyè sou li
li pa t’ap sal konsa,
si nèg ki chita dèyè solèy la
te konnen mwen egziste li t’ap vire solèy la
sou mwen konsa pa t’ap gen fènwa nan lavi’m ankò.
Source:
Tags:Ti fi Sila a, Poésie, Jean Luxamar Modéus
Nombre de commantaires (0)
Connectez-vous pour commenter cette news!