Accueil ->
Musique ->
Compas -->
Se pa manti
Se pa manti, So Good
Date de publication: Le 10/09/2009 à 02h42.
Partager ce fichier: 
Nombre de clics: 1890
Tags:So good, se pa manti
Nombre de commentaire (0)
Connectez-vous pour commenter cette news! ou
Inscrivez-vous!
Lyric:So Good, Se pa manti
Se pa manti
Si yo ta diw jan map pale
sit yo diw jan map babye
ki jan ke mwen vi'n deteste'w baby
Se pa manti, si ou ta we ke'm pa salye'w
chak fwa mwen wè ou sou chimen'm
Se sel fason pou'm sa pase lwen lanmou'w
Se pa manti, si yo ta di'w ke'm rete sèl
Depi'n kite lontan, mwen pa janm fè lòt avanti
Se vre'n te sèmante, ke'n tap rete ansan'm pou la vi baby
Lanmou an nou sa te soti de lòdinè
Nou te fè yon Deal pou'n fè bonè'n
San'm pat konnèn sa'k te nan kè'w baby
Yon jou'w give up
Malgre'n te fini byen setup
Tout sa'n te pran tan pou'n konstwi
Nan yon bat je gade ou rive detwi'l
Yo toujou di, pa genyen lavi san lanmou
Yon jou'm konnen kanmen'm
Ni mwen, ni ou'n pral nan yon lont wout
Menm si pou mwen sa'p difisil
Avek le tan baby sa ka posib
Kè
Gad kòman ou brize kèm
Kraze selil lanmou'm
Ou fè'm Tounen yon dejwe
Gad Koman ou tre nan kè'm
Ou retire lanmou'm
E ou kite'm konsa
Lead
Depi lè sa doudou doudou
Map plede malad san rete
Kèm pandye, li brize, m'atriste doudou an mwen
Depi lè sa, Cheri, mmwen tankou yon brebi ki imole
M'delese, meprize, epi'm manke fou wi
Kè
Gad kòman ou brize kèm
Kraze selil lanmou'm
Ou fè'm Tounen yon dejwe
Gad Koman ou tre nan kè'm
Ou retire lanmou'm
E ou kite'm konsa
O lanmou'm paka jèmi
Se kè mwen ki brize
Lanmou'm Paka Fleri
Se kè'm ki delese adjey
Kè
Ou wo ou wo ou wo ou wo ou wo o
oho oho o oho o oho o
Ou wo ou wo ou wo ou wo ou wo o
oho oho o oho o oho o
Solitid ap tiye mwen (Bis Kè)
Depi jou sa doudou'm paka domi (lead)
Se kè mwen ki brize
Se li ki fatige
Kè'm pandye, chavire delese
Tags: se pa manti so goodAuteur:Geebs Noel - Source:
Ecoutez aussi